Blog · Sit web

Sit debaz : antrepriz ou sou entènèt, nou jere l pou ou

Jiska 25 paj, yon blog ak fich Google Maps ou, apati 650 $ : nou kreye sit ou epi nou jere l pou ou.

Repons kout

Sit debaz Le Numérique Haïti a koute apati 650 $, pou peye yon sèl fwa. Li gen ladan l jiska 25 paj nou kreye pou ou ak yon blog, yon tèm pwofesyonèl premium ki adapte pou telefòn, yon bouton WhatsApp ak yon fòmilè kontak, non domèn ofri gratis premye ane a, 12 mwa ebèjman sekirize ak sovgad chak jou, fich Google Maps ou, yon rapò vizit chak mwa ak 30 $ piblisite Meta. Nou jere tout bagay : mizajou, sekirite ak modifikasyon sou demann.

Google Maps
kenkayri Delmas
  • Antrepriz ou · KenkayriDelmas · Louvri kounye a · Sit web · Itinerè
  • Rezilta 2…
  • Rezilta 3…
Sit debaz ou
Jiska 25 pajBlogTelefòn
650 $pou peye yon sèl fwa
12 mwaebèjman ak jesyon
30 $piblisite Meta enkli
  • Non domèn ofri gratis premye ane a
  • Sovgad chak jou
  • Bouton peman PayPal ak Stripe
  • Rapò vizit chak mwa
Sa nou jere pou ou
  • Mizajou sit la
  • Sekirite ak siveyans
  • Sovgad chak jou
  • Modifikasyon ou yo : tèks, imaj, pri
Sit debaz la : yon sit konplè ki sanble ak ou, yon fich Google Maps pou moun jwenn ou nan katye ou, ak yon jesyon ekip nou an asire.

Pou kiyès ?

Pou antrepriz, komès oswa pwofesyonèl ki poko gen sit, oswa ki gen yon sit ki fin vye, epi ki vle yon vrè prezans sou entènèt : prezante sèvis li, pibliye nouvèl li epi pou moun jwenn li sou Google ak sou Google Maps, san li pa bezwen okipe sa.

Sa ki enkli

  • Jiska 25 paj nou kreye pou ou ak yon blog pou nouvèl ou yo.
  • Design ki sanble ak ou, ki adapte pou telefòn, ak yon tèm pwofesyonèl premium.
  • Bouton WhatsApp ak fòmilè kontak.
  • Non domèn (antrepriz-ou.com) ofri gratis premye ane a ak ebèjman rapid ak sekirize (HTTPS) pandan 12 mwa.
  • Sovgad chak jou.
  • Optimizasyon pou Google : baz yo, ak fich Google Business Profile (Google Maps) ou nou kreye pou ou.
  • Rapò vizit chak mwa.
  • 30 $ kredi piblisite Meta pou lansman an.
  • Bouton peman PayPal ak Stripe.
  • Sipò pa WhatsApp ak imèl.

Nou okipe tout bagay

Apre mizanliy lan, nou rete responsab sit ou : mizajou, sekirite, siveyans ak sovgad. Ou vle chanje yon tèks, yon foto oswa yon pri ? Yon imèl oswa yon mesaj WhatsApp ase : nou fè chanjman an epi nou avèti ou lè li anliy. Ou pa gen anyen pou enstale, anyen pou aprann ni anyen pou jere.

An opsyon

Sit an plizyè lang (franse, angle, kreyòl) disponib an opsyon. Chak lang gen pwòp paj li, ki ekri pa moun, pa tradiksyon otomatik.

E apre ?

Pri depa a gen ladan l kreyasyon sit la, ebèjman, non domèn ak jesyon nou pandan 12 mwa ; apre sa, ebèjman ak jesyon renouvle chak ane. Pou yon optimizasyon Google konplè, estatistik detaye, yon bilten ak paj ekip nou ajoute, pase nan Sit pwofesyonèl lan.

← Tout sit web yo · Gade tout pri yo

Pri

Yon pri depa, tout enkli.

Sit web

Sit debaz

apati650 $
  • Jiska 25 paj ak yon blog
  • Non domèn ofri gratis premye ane a
  • Ebèjman sekirize 12 mwa, sovgad chak jou
  • Fich Google Maps nou kreye pou ou
  • Bouton peman PayPal ak Stripe
  • 30 $ piblisite Meta enkli
Ekri nou
Sa moun pi mande

Sit pwofesyonèl

apati950 $
  • Jiska 50 paj ak yon blog
  • Optimizasyon Google konplè
  • Estatistik detaye (sous, aparèy)
  • Sovgad an tan reyèl
  • Bilten jiska 500 abone
  • 50 $ piblisite Google enkli
Ekri nou

Pri depa, pou peye yon sèl fwa. Yo gen ladan yo kreyasyon sit la, ebèjman, non domèn ak jesyon nou pandan 12 mwa ; apre sa, ebèjman ak jesyon renouvle chak ane. Pri yo an dola ameriken.

Kontak

Ann pale de pwojè ou.

Plis enfòmasyon

Ou gen yon kesyon sou fòfè sa a ?

Ekri nou : nou reponn pa imèl oswa pa mesaj WhatsApp. Premye konsiltasyon an gratis.

Ekri yon imèlMesaj WhatsApp